KOMINIKE
Pou Piblikasyon Prese Prese | Kanada an Ayiti, Core Group ak Neo-kolonyalism
Konferans Trudeau a sou Ayiti ranfòse sipò pou lidè ilejitim lan epi Core Group
Vandredi sa a, Justin Trudeau, Mélanie Joly ak Harjit Sajjan ap òganize yon konferans pou apiye lidè ilejitim Ariel Henry an Ayiti. Konferans sa a Kanada ap dirije a vle mine travay yon gwo fowòm sosyete sivil Ayisyen an, ki batize: « Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la ».
«Se yon twit ki mete Ariel Henry opouvwa », se konsa Monique Clesca, youn nan 13 manm Komisyon pou yon solisyon ant Ayisyen pou kriz la eksplike sitiyasyon an nan « Komisyon Ayiti voye di Kanada ak Etazini – sispann fè enjerans nan zafè gouvènman nou », yon atik ki fenk parèt sou rezo CBC.
Bò kote pa li, Bianca Mugyenyi, direktè CFPI (Enstiti politik etranjè Kanadyen) remake: « Se Core Group la, yon regwoupman anbasadè etranje an Ayiti, ki nonmen Ariel Henry ». Mugyenyi rapousuiv pou li di: « Henry pa te prete sèman devan okenn enstitisyon lejitim. »
Core Group la se yon makòn anbasadè Etazini, Kanada, Lafrans, Brezil, Espay ak Almay ansanm ak reprezantan Inyon Ewopeyen an, Nasyonzini ak Òganizasyon Eta Ameriken yo.
« Jis imajine anbasadè Kongo, Endonezi, Nijerya ak Filipin ki ta fè kò nan yon deklarasyon kote yo ta chwazi ki moun ki dwe vin premye minis nan Kanada! Ki repons pèp Kanadyen an ta ba yo? » se konsa Jean Saint-Vil, yon manm Solidarité Québec-Haiti, layite kesyon an.
Daprè Mugyenyi: « Regwoupman anbasadè etranje sa a ki rele Core Group lan ap enpoze volonte l depi twò lontan sou fonksyonman leta ayisyen ». Li di kare bare « Konferans Vandredi a ap fèt nan lojik ranfòse dominasyon Ameriken ak Kanadyen sou Ayiti. »
Daprè Turenne Joseph, manm Solidarité Québec-Haiti « Ensekirite se yon gwo pwoblèm an Ayiti. Men, atak k ap fèt, san pran souf, sou souverènte peyi a se yon obstak ki pi fondamantal toujou pou pwosperite nasyon ayisyèn lan. »
– 20 janvye 2022 –
Pou plis enfòmasyon:
Solidarité Québec-Haiti
Facebook & Twitter : Solidarité Québec-Haiti
Imèl: solidaritekebekayiti@gmail.com
Enstiti politik etranjè Kanadyen
Facebook & Twitter: Canadian Foreign Policy Institute
Imèl: info@foreignpolicy.ca
Referans sou konferans reyinyon entènasyonal sou Ayiti a ak lidè ilejitim Ariel Henry: Affaires Mondiales Canada / Global Affairs Canada
Français/ | https://bit.ly/DéclarationSuiteRéunionInternationaleSurHaiti
English/ |
Ata ti piti tou piti konprann byen pawòl verite sa yo:
https://twitter.com/i/status/1485367907882348545
Bò kote pa nou men youn nan travay nap rapouswiv pou nou demaske yo.
https://bit.ly/SQH-petisyonInisyativOtawaAyiti
Yon petisyon kanmarad sipòtè, Depite Bloc Québécois, Mario Beaulieu, te depoze nan Chanm Palman peyi Kanada – Depo petisyon dosye « Initiative d’#Ottawa sur #Haiti », 22 mas 2021 ozalantou 15:38 sou ParlVU : https://bit.ly/depotPetitionInitiativeOttawaSurHaiti
Petisyon Pou Chanm Palman Peyi Kanada
Konpatriyòt, zanmi, kanmarad, tanpri, siyen petisyon istorik sila ki konsène wòl Kanada nan soutire dwa souveren peyi Ayiti. Nou bezwen yon minimòm 500 siyati pou petisyon sa prezante nan Chanm Palman kote gouvènman Kanada ap oblije reponn kòmsadwa, ofisyèlman. Solidarite Québec-Haiti itilize petisyon sa a nan kanpay l ap mennem pou fè presyon pou Kanada sòti « Core Group » epi sispann sipòte prezidan ayisyen kòwompi, represif ke majorite popilasyon an rejte.
fransè: https://petitions.noscommunes.ca/fr/Petition/Details?Petition=e-2448
anglè: https://petitions.ourcommons.ca/en/Petition/Details?Petition=e-2448
Petisyon pou Chanm Palman Peyi Kanada
Lè nou konsidere:
– 9 janvye 2020, pwogram televizyon « Enquête » ki pase sou Radio-Kanada te fè yon repòtaj osijè « Initiative d’Ottawa sur Haïti », reyinyon ki te fèt nan lokal gouvènman kanada a ki nan zòn lak Meech, 31 janvye ak 1 fevriye 2003;
– Aparamman, pa te gen okenn ofisyèl Ayisyen ki te envite nan reyinyon prive sa a. Daprè sa nou aprann otorite peyi Etazini, Lafrans, Kanada ak Òganizasyon Eta Ameriken ki te reponn prezan nan reyinyon sa a te diskite ki jan yo va manniganse pou kapote epi ranplase gouvènman Ayisyen an ki, li menm, te monte opouvwa atravè eleksyon, fè Nasyonzini debake epi rekanpe lame d Ayiti – yon seri aksyon ki koresponn ekzakteman ak evènman ki ta pral rive 13 mwa pita;
– Emisyon « Enquête » sikjere se « Initiative d’Ottawa sur Haïti » ki kaselezo pou li akouche « Core Group » la, yon regwoupman Anbasadè peyi etranje nan vil Pòtoprens anpil Ayisyen konsidere kòm pouvwa reyèl ki kore Prezidans Jovenel Moïse lan;
– Dis (10) lane apre tranbleman tè a, fòk responsablite yo fikse aklè konsènan akizasyon wout kwochi zòt ta fè ak lajan ki te la pou pote sekou bay viktim yo, e sa se pandan peryòd yo di Ayiti ap foksyone anba direksyon « Core Group » la ki ta mennen opouvwa gouvènman Martelly ak Moïse yo ki, yo menm, daprè plizyè akizasyon, ta va ap benyen nan koripsyon ak represyon.
Nou menm, moun ki siyen dokiman sa a, Sitwayen ak moun ki abite nan Kebèk ak Kanada, nou mande Chanm Depite Kanadyen yo pou li:
1. Pibliye tout dokiman ki gen rapò ak « Initiative d’Ottawa sur Haïti »;
2. Tanmen yon seyans Komite Pèmanan K ap Travay sou Afè Etranjè ak Devlopman Entènasyonal lan, kote nou va chèche konnen tout bagay ki posib pou nou konnen osijè « Initiative d’Ottawa sur Haïti » epi ki relasyon li genyen ak sa yo rele « Core Group » la.
fransè: https://petitions.noscommunes.ca/fr/Petition/Details?Petition=e-2448
anglè: https://petitions.ourcommons.ca/en/Petition/Details?Petition=e-2448
N.B. :
Pwogram televisyon « Enquête » 9 janvye a, Peyi Lòk / Haiti sous influence te difize an fransè epi li gen enfòmasyon konsekan sou « Initiative d’Ottawa sur Haiti » epi « Core Group » la http://bit.ly/Ayiti-reportage-peyi-lok-iciradiocanada.
An fransè tou, men atik Michel Vastel, ki gen lyen dirèk ak petisyon an, ki te parèk mwa Mas 2003 nan jounal « Actualité »: « Haïti mise en tutelle par l’ONU? » https://lactualite.com/monde/haiti-mise-en-tutelle-par-lonu/
#solidarite #Kanada #Kebèk #Haiti #Ayiti #jistis #diyite #reparasyon
Li enpòtan pou Ayisyen toupatou leve kanpe kont gang kolon rasis ak kolabo yo ki kontinye ap pase diyite pèp Ayisyen an nan tenten.
Ayiti se yon vrè nasyon, li pap janm aksepte popetwèl figi nwa pou maske yon rejim Apated ki bay etranje tout privilèj sou do nèg ak nègès ki oblije ap pase mati sou bout tè Dessalines, Marijann ak Boukmann te goumen mouri kite pou nou an.
Alaso!