

NÒT POU LAPRÈS
Gaye prese prese | Kanada, Ayiti, Etazini
Plis pase silans konplis ak pawòl demeplè anti-Ayisyen, yon politik etranjè ki respekte granmounite pèp yo, se sa ki nesesè
Solidarité Québec-Haïti (SQH) raple jan Ii nesesè pou nou toujou mete pwojektè sou pwoblèm reyèl yo ata nan kontèks pawòl rasis kri ki sòti nan bouch kandida pou prezidans Ameriken, Donald Trump, fè kont imigran, patikilyèman kominote ayisyen an.
Nan yon tantativ pou jistifye pozisyon anti-imigrasyon li pandan deba elektoral 10 septanm nan, Trump deklare imigran ayisyen yo vòlè chat ak chen kay vwazen yo pou yo manje.
Depi lè sa a, isit la nan Kanada, atak rasis ak mo betiz sou Ayisyen-Kanadyen ogmante pi plis.
“Anpil moun rapòte yo sibi izolman fòse depi deba 10 Septanm lan. Yo sibi move jan ak remak meprizan, kòlèg travay ak vwazen ap jape oswa fè bri chat sou yo. Deklarasyon ridikil Trump yo, anplis yo ankouraje epi ranfòse prejije, louvri pasaj pou rasis anti-Ayisyen boloze lib-elibè.”
Anpil vwa leve toupatou sou latè pou kondane vag prejije anti-Ayisyen sa a. Solidarité Québec-Haïti remake jan lidè pati politik yo, ni Ottawa ni Quebec, rete bèbè sou kesyon an, jiska prezan. Silans sa a vin gen anpil siyifikasyon lè PM Justin Trudeau, kòm yon envite nan talk-show popilè Ameriken The Late Show, itilize Ayiti kòm yon egzanp pou li fè dyòlè osijè yon wòl pozitif Kanada ta swadizan jwe an favè lapè entènasyonal. Animatè a, Stephen Colbert, tou pwofite mande l, tankou se blag: “Èske chat yo ak chen yo kòrèk?”
Premye Minis la pat pwofite montre solidarite tout bon vre ak kominote ayisyen an nan moman grav sa a.
Solidarité Québec-Haïti raple, odela pawòl ak atitid rayisab, se politik etranjè rasis epi enperyalis Kanada ak Etazini depi plis pase 20 lane ki gen gwo konsekans pou Ayisyen nan pwòp peyi yo epi pou sila yo ki oblije emigre lòt kote tankou Kanada.
Kondanasyon pawòl rasis dwe vini ak bon konprann jan Ayisyen ap kouri kite peyi yo akòz move zak destabilizasyon tankou koudeta enperyalis sanginè ki fèt avèk magouy fo eleksyon Ottawa ak Washington te finanse.
SQH mande PM Justin Trudeau epi tout lòt lidè pati politik yo nan Ottawa ak Quebec pou yo ranmase kouraj di aklè kote vrè pwoblèm yo ye: Ensekirite Ayiti a se zam lagè ki soti nan peyi Etazini ki alimantè l, an plis yon rejim popetwèl ilejitim pèp ayisyen ap sibi men ki redevab devan antite etranje (Ozetazini, Kanada, ak lòt manm nan Gwoup la) k ap domine sèn politik Ayiti an ilegalman depi plis pase 20 lane.
Kanada dwe wete tèt li anndan klib enperyalis yo rele “Core Gwoup” la. Kanada dwe sipòte yon anbago global epi efikas sou zam Ameriken yo k ap alimante laterè nan tout Karayib la, sitou ann Ayiti.
Pou kwape rayisman anti-Ayisyen, Kanada dwe adopte yon politik etranjè vanyan ki endepandan de Etazini epi sitou, ki respekte granmounite Ayiti.
– 26 septanm 2024 –
Pou plis enfòmasyon, kontakte:
Solidarite Quebec-Ayiti
Facebook Twitter : Solidarité Québec-Haiti
Imèl: solidaritekebekayiti@gmail.com