Dwa granmoun eritye Papa Dessalines yo sou zile Ayiti se kichòy ki pa negosyab ditou pyès

Français English

Kominike pou laprès sou dezòd ki òkestre a an Ayiti

Chak jou pitit Ayiti oblije ap kouri pou sove lavi yo. Zòt k ap konte deklare, aktyèlman, se plis pase 1.3 milyon moun ki deplase akoz vyolans – pi gwo kantite yo anrejistre nan listwa Ayiti, daprè yon rapò resan Nasyonzini . Fas a katastwòf sa a, Solidarité Québec-Haïti (SQH) raple tout moun alawonnbadè dwa granmoun eritye Papa Dessalines yo sou zile Ayiti se kichòy ki pa negosyab ditou pyès.

Si jodi a pa rete yon sèl otorite lejitim alatèt Ayiti pandan tèwòris ap viv nan san n, se pa madichon ki tonbe sou nou. Se tèwòris sanginè, politisyen konze ak yon rezo mafyozo ekonomik ki mare sosis yo ansanm ak yon okipasyon militè etranjè pou yo kraze leta pèp Ayisyen an, atè plat.

Sous dezòd san fen sa a se te yon envazyon militè ki te fèt sou lobidyans Etazini, Lafrans, ak Kanada nan dat 29 Fevriye 2004. Krim miltinasyonal tèrib sa a te konsolide, apre sa, ak 21 ane okipasyon etranje sou Ayiti, anba dra Nasyonzini.

Nou estomake devan odas yon makòn kriminèl sinik, onivo nasyonal & entènasyonal, ki kontinye ap ofri pèp Ayisyen an plis pwazon, swadizan, pou geri yon pichon yo menm ankò yo lakòz. Difèt gouvènman Mark Carney a pretann l ap bay Ayiti asistans pandan Kanada chita sou yon pil dokiman, ki ta gen ladan yo prèv ki rasanble sou swadizan kriminèl pwisan tout kalite, se yon veritab trajikomedi. Anfèt, gouvènman Kanadyen an akize yon makòn sitwayen Ayisyen, kit se politisyen, biznismann ak chèf gang, kòm moun k ap alimante rezo teworis “Viv Ansanm” nan. Pami yo: Michel Martelly, Gilbert Bigio, Reynold Deeb, Izo (Johnson André), Dimitri Hérard, Jimmy Cherizier (Babekyou), Vitelhomme Innocent, André Apaid, ak anpil lòt ankò.

Si se pa sèlman pou fè teyat akizasyon sa yo fèt, sistèm jistis Kanadyen, Ayisyen ak entènasyonal yo dwe mobilize kòmsadwa pou sosyete a ka itilize prèv sa yo kont kriminèl yo e an favè viktim yo. Li lè li tan pou tout byen moun ki asosye ak rezo tèwòris yo nasyonalize, sa vle di pou yo rantre, kare bare, nan patrimwàn Leta Ayisyen.

Annatandan, SQH kontinye di: aba tout fòm enperyalis! ikonpri lè se ipokrit karesan k ap bannou bèl dan.

SQH raple tout moun ke prensip fondamantal sa yo pa negosyab ditou:

  1. Pèp Ayisyen ekzije tout pichon etranje degèpi, mete yo deyò nan zafè Ayiti. Manyè kite Ayisyen respire!
  2. Se sèl nou menm Ayisyen ki gen dwa chwazi dirijan lejitim pou peyi nou, e fòk sa fèt nan lapè. Nou pap tolere okenn popetwèl ni konze zòt enpoze, keseswa koulè po yo.
  3. Kit se malfèktè ki asosye ak Nasyonzini, OEA, mèsenè mèsenè “po nwa, mask blan” ki soti Kenya oubyen lòt kote, mèsenè blan rasis ki debake ak kontra ilegal sou lobidyans dirijan ilegal nan konfyolo ak malfèktè Enstiti Macaya a, Erik Prince , oubyen lòt kriminèl ki asosye avèk yo… Pèp Ayisyen an voye tout pwojè kriminèl sa yo jete byen fon nan latrin.

Tout moun alawonbadè, ikonpri Gouvènman peyi Kanada, dwe kanpe lwen tout pwojè neokolonyal, tout konplo rasis k ap marinen kont pèp Ayisyen an.

Boutanfen, nou tout manm ak sipòtè Solidarité Québec-Haïti, nou pap sispann ekzije pou Kanada wete tèt li anndan klib enperyalis yo rele “Core Group” la. Kanada dwe sipòte yon anbago global epi efikas sou zam Ameriken yo k ap alimante laterè nan tout Karayib la, sitou an Ayiti. Kanada dwe adopte yon politik etranjè vanyan ki endepandan de Etazini epi, sitou, ki respekte granmounite Ayiti. Nou ekzije restitisyon ak reparasyon nan men gouvènman peyi Core Group yo, Nasyonzini, OEA pou tout krim yo fè kont pèp Ayisyen an nan listwa tankou nan epòk kounye a.

– 5 septanm 2025 –

Pou plis enfòmasyon, kontakte nou:

Solidarite Kebèk-Ayiti
Facebook Twitter : Solidarité Québec-Haiti
Imèl: solidaritekebekayiti@gmail.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.