
Se lizay pou nou tande epi sipòte vwa Ayisyen ki soti nan divès sektè klas travayè a, kit se mouvman fanm yo, sendika, òganizasyon etidyan ak kiltivatè yo.
Ayiti kontinye viv epi respire kòm yon nasyon malgre ratibwazay sistematik Leta Ayisyen sibi anba oligak lokal yo epi enperyalis ki nan peyi Etazini, Kanada ak Lafrans.
Foulay dwa Pèp Ayisyen an genyen pou li egziste kòm nasyon se kichòy nou abitye wè atravè medya tradisyonèl yo e menm nan kèk medya altènatif ki gen tandans inyore sa Ayisyen genyen pou yo di lè y ap feraye anndan yon estrikti politik òganize oswa yon mouvman sosyal. Sa mache bradsi bradsou ak pretansyon rasis kòmkwa Ayisyen pa ka gouvène tèt yo epi yo bezwen kèk sovè blan vin ranje nasyon yo an pou yo, pou chwazi lidè pou yo… pou pale pou yo devan Konsèy Sekirite Nasyonzini.
Mèzalò, anpil vwa Ayisyen kontinye leve sou zile Ayiti epi atravè lemond pou konfime yo egziste e, tout bon vre, yo enpòtan.
Yon moun pa ka konsidere kòm yon zanmi, yon alye, yon “ekspè” oswa yon senp rapòtè objektif nan lit pèp Ayisyen an si moun sa a pa kapab tande epi fè eko vwa Ayisyen k ap feraye tout bon vre anndan klas travayè a; kit se mouvman fanm yo, nan sendika yo, nan òganizasyon etidyan osnon konbit travayè latè yo.
Pandan deseni ki sot pase a, manm ak alye Solidarité Québec-Haiti te tanmen diskisyon san pran souf ak moun ki sou teren an Ayiti. Nou te dokimante epi pataje sa yo te di ak pwòp mo pa yo sou medya sosyal, imèl, radyo sou entènèt, konferans videyo ak konvèsasyon WhatsApp.
Nan mwa Mas 2021, sou envitasyon kanmarad nou yo ki nan peyi Etazini k ap dirije Komite Mobilizasyon Kont Diktati an Ayiti (KOMOKODA), nou te rantre nan mouvman solidarite mondyal ak Ayiti “Leve Kanpe Pou Ayiti”.
Manm SQH patisipe aktivman nan inisyativ asanble popilè ki baze nan vil Monreyal pou defann dwa granmoun Ayiti. Jan sa byen chita ak estrateji yo adopte epi pataje pou yo fè eko vwa Patriyòt Ayisyen k ap reziste kont fòs enperyalis yo, sou zile a osnon atravè lemond, detanzantan, Asanble Popilè Monreyal yo ak SQH akeyi vizitè tankou yo fè li jiskaprezan ak: Sabine Lamour (aktivis feminis Ayiti), Marc-Arthur Fils-Aimé (Rasin Kan pèp la) epi Fritz Jean (Akò Montana).
Manm SQH yo te a men yo te kritike li tou. Nou kontinye espere epi ankouraje sila yo ki siyen Akò Montana a pou yo fè plis jefò pou yo makònen ak mas k ap lite yo pou defann dwa fondamantal yo an Ayiti, yon peyi k ap lite kont kontwòl enperyalis yo jounen jodi a. Nou menm tou te prevwa epi rekonèt fòs enperyalis yo ta pral travay di pou yo mine e pètèt menm, rive deraye Akò Montana a, dekwa pou yo monopolize tout espas politik la an Ayiti.
SQH fè remake tou ke sa yo rele “vyolans gang an Ayiti” se zam ki soti Etazini k ap alimante l, atravè pò ki sou kontwòl kèk fanmi mafyozo milyonè blan ki anrichi tèt yo sou do Ayiti, granmesi pwoteksyon Etazini.
San di pètèt, SQH sipòte dwa ak rezolisyon pèp Ayisyen an pou li defann tèt li ak tout zouti ki nesesè.
SQH pa monte sou menm kabwèt ak moun k ap fè jefò dezespere pou yo pentire inifòm revolisyonè sou kèk vanjè grenn senk oswa abolotcho aganman Pèp Ayisyen an idantifye depi dikdantan kòm kriminèl alye PHTK (ak mafyozo milyonè blan yo epi gang enperyalis yo).
Eksepte kriminèl ak politisyen kòwonpi ki mare sosis yo ak bandi PHTK epi fòs enperyalis yo, SQH enterese tande vwa yon latriye aktivis ak lidè politik ki soti nan tout mouvman sosyal an Ayiti. Nou kwè se pèp Ayisyen an ki dwe chwazi pwòp dirijan li.
Kanpay dezenfòmasyon sou Ayiti a fèt ak yon diskou pou zèl dwat, yon diskou pou zèl gòch. Moun ki vle sipòte mouvman liberasyon Pèp Ayisyen an tout bon vre, dwe kite reyalite gide pozisyonman yo, evite kreye ewo oswa zewo selon diskou pèpè pre-fabrike ki pi atiran osnon pi konvenyan nan moman an.

Pran nòt: An 2021 Foto jounalis Dieu Nalio Chery te oblije kite Ayiti sou fòs menas gang G9 ki asosye ak PHTK.
Jodi a, li ijan, li nesesè pou, atravè tout espas politik ak jeyografik yo, moun, òganizasyon ak nasyon yo koute rèl sa a anfavè respè dwa granmoun Pèp Ayisyen an.
Etranje k ap foure bouch nan zafè Ayisyen se premye sous vyolans ki makònen ak twoub politik nan sosyete Ayisyen an. Pèp Ayisyen an te toujou pale e yo pale byen fò, byen klè pou pwòp tèt yo. Si w idantifye tèt ou kòm alye Pèp Ayisyen an, ou dwe, pou pi piti, louvri zòrèy ou byen louvri pou w koute epi tande vwa li byen!
#AyitiGranmoun #BlackNationhoodMatters #LesNationsNoiresComptent
Solidarité Québec-Haïti
Facebook & Twitter : Solidarité Québec-Haïti
Email: solidaritekebekayiti@gmail.com